Biwo jij la rele “Part”. Le-w rive nan biwo lajistis la, ale direk sou etaj kote biwo jij la ye-a. Si-w pa konnen kote-w prale, mande ofisye ki anba-a. Si-w bliye papye-w yo ou kapab ale nan sal anrejistreman pou fe youn gade nan dosye-w. Sal anrejistrman-an se nan sal 419 nan 4em etaj.
Le-w rive anwo-a, wap we youn ofisye ki abiye ak chemiz blan tou pre biwo jij la. Di ofisye-a ke ou la e ke ou pare. Rete nan sal kote moun ap tann nan jiskaske yo rele-w.
Pi fo ka yo ki gen a we ak timoun pran youn bon kantite randevou lajistis sou plizye mwa anvan yo rezoud yo. Pa sezi si jij la pa pran youn desizyon touswit. Yo pemet ou pou pran youn avoka. Si ou pa peye youn avoka, ou kapab elijib pou gen youn ke biwo jistis la va ba –ou (eksepte nan pi plis odisyon sipo pou timoun).
Odisyon-an li menm kapab tre kout. Jij yo tande plis pase 80 ka nan youn sel jounen, kidond yap vle pou di egzakteman sa ou genyen pou di-a. Jij la kapab fe youn kanpe-w. Prepare-w pou prezante ka pa-w la pi kle posib. Sa ede anpil le-w ekri sa-w vle di jij la anvan-w vini nan biwo jistis la, konsa ou sonje tout bagay, men kenbe deklarasyon-an kout, epi asire-w ke-w pale selman osije pwoblem ki rive jou sa-a. Plis ou genyen prev pou kore deklarasyon-w la, plis li pi bon pou ou. Pote nenpot ki papye osinon lot koze ki ka pwouve ka-w la avek ou. Si-w gen temwen, vini ak yo. Jij la kapab kite yo pale.
Youn fwa ka pa-w la fini, jij la ap mete youn lod deyo. Fe fotokopi yo epi sere youn kote an sekirite. Ou kapab vle gade sou ou tou tan lod pou pwoteksyon ou byen lod pou gade/ lod pou rann vizit ou aksepte vizit. Ou dwe obeyi lode lajistis yo, sinon wap vyole lalwa. Yo kapab kenbe-w nan dezobeyi lajistis(e yo kapab arete-w) pou violasyon lod jij la. Anvan ou kite biwo jistis la, asire-w ke-w konprann egzakteman sa yap tann de ou konsa ou kapab konfome-w ak lod la. Si se youn lod final, li toujou rete valab jiskaske jij la pran youn lot lod. Si se youn lod pou youn tan konsa, li fini apre youn seten tan (oubyen sou seten evenman oubyen sou youn seten dat). Ou kapab genyen pou tounen nan biwo jistis la pou jijla kapab pran youn lot dispozisyon. Si-w pa dako ak desizyon youn jij ou kapab rele li nan “Appeal Division” kou siprem nan. Jeneralman ou bezwen youn avoka pou sa. Ou dwe pase ak youn osinon ale nan biwo klek la nan sal 42 pou plis enfomasyon sou kijan pou aplike pou youn apel.